Janjak Desalin

Jan-Jak Desalin
Jan Jak Desalin. Liberatè ak premye Anperè peyi Ayiti sou non Jak Premye.
Fonksyon:Anperè

Tit:Jak I
Dat fonksyon:2 septanm 1804 - 17 oktòb 1806
Dat kouronman: 8 oktòb 1804
Gouvènman anvan: Li menm (Gouvènè Jeneral)
Gouvènman ki swiv: Anri Kristòf (Prezidan)

Eta sivil
Dat nesans:20 septanm 1758
Lye nesans:Grann-Rivyè Dinò Ayiti
Peyi nesans:Sen Domeng Ayiti
dat lanmò :17 oktòb 1806
Pon Wouj. Nan nò Pòtoprens (Ayiti)
Nasyonalite : Ayisyen

Konjwen: Larenn Mari-Klè Felisite Erez



Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Jan-Jak Desalin (Jean-Jacques Dessalines, 20 septanm 1758 - 17 oktòb 1806) te chèf Revolisyon Ayisyen ki te proklame endepandans 1ye janvye 1804. Li te premye moun ki gouvène Ayiti sou tit Gouvènè Jeneral Pou Lavi. Nan 2 septanm lane 1804, pèp ayisyen an te ba li pote chapo Anperè sou non Jak 1ye. Men li te deklare ke tit Anperè li a pa te ereditè, sa vle di, li pap rete pou pitit li lè li mouri.

Kòm ansyen esklav, li te patisipe nan leve kanpe ke esklav yo te fè nan koloni franse ki te rele Sen Domeng. Li se te premye lyetnan anba lòd Tousen LouvètiNapoleon te voye solda li yo, sou kòmandman bo frè li Jeneral Leklè, pou Lafrans te ka repran kontwòl zile a. Sepandan, apre Franse yo te arete Tousen epi yo te voye l nan peyi Lafrans, Gouvènman fanse sa te vini avek lòd pou remete nèg yo anba esklavaj ki te aboli depi lane 1794 nan tout koloni franse yo. Desalin te òganize nan mwa oktòb 1802, yon revòl kont lame franse a. Nan batay sa yo, anpil san te koule. Desalin te fini pa genyen viktwa kont lame franse yo ke Jeneral Rochanbo te kòmande. Se finalman yon 18 me 1803, nan gwo batay ki te rive nan Vètyè, ke franse yo te bay le gen epi te mete yo deyò nan zile a. Kèk mwa pita, nan premye janvye 1804, Desalin te deklare endepandans peyi ki te rele Sen Domeng la, ke li te batize Ayiti. Non Ayiti sa te jan kèk nan bann Endyen ki te rete nan zile te konn rele tè a. Men Endyen sa yo ki te bann Tayino te disparèt ak maladi nan lane 1550. Sa vle di 147 tan anvan Espanyòl yo te bay Franse yo yon bout nan zile nan lane 1697, nan yon trete ki fèt nan lavil Riswik.

Anperè Desalin te eseye remete ekonimi a sou pye ak yon sistèm agrè ak fòs ponyèt. Kolaboratè li yo te konplote e yo te asasine l nan lane 1806, apre li te deside anpeche kèk milat nan Sid peyi a fè fo papye pou yo pran tè ke yo di te tè papa yo, blan franse ke kite pou yo. Epi se konsa, yon 17 oktòb, Desalin te pari pou Sid peyi a, lè yo tann li yon pièj nan lavil Pon Wouj, nan nò Pòtoprens. Epi yo te tiye Anperè a. Pami konplotè yo nou jwen Aleksann Petyon ki te rekonèt responsabilite li nan yon lèt ke li te ekri bay Anperatris Marie-Klè, madanm Desalin, nan demen asasina a, nan dat 18 oktòb 1804.[1] Men gen plizè moun ki sispèk ke Anri Kristòf ki te dezyèm nan kòmandman apre Desalin, ke okouran de konplo a, san li pat avèti Anperè a. Antouka, madanm Desalin, ak tout lòt pitit Anperè a, de pito mete yo sou pwoteksyon Wa Kristòf olye yo te ale pou pati Repiblik ke Aleksann Petyon epi ak Jan Pyè Bwaye te mete kanpe nan pati Sid peyi a ki te divize an 2 apre lanmò Desalin, jouk rive nan lane 1820, apre lanmò Wa Kristòf.

Desalin te granpè Cincinnatus Leconte, ki te Prezidan Ayiti nan lane 1911 pou rive lane 1912.

Biyografi

Soti afriken, li anvan esklav nan Sendomeng. Apre sa, pandan pwoblèm ki mennen endepandans zile a, li vin lieutenant pou Tousen Louvèti ak òganize nan mwa oktòb 1802 la mutineri lame apa-dominguoise kont ekspedisyon napoleonyèn. Li batay jeneral milat Andre Rigaud ak jeneral franse Charles Leclerc.

Apre depòte Tousen an, li soumèt nan Etazini. Li insurgé apre, li vin rete bò nò nan lil, li rive nan repouse Jan-Batis-Donasyen ki Wochanbo nan sanglan batay la Crête-à-Pierrot, nan ti-Rivyè Latibonit. Li rive nan otòn 1803 nan va genyen batay yo Kreyòl nan batay pou Vertières, ak 1ye janvye 1804 Desalin pwoklame endepandans Ayiti. Li fè premye gouvènè jeneral lavi, epi Seza (pou PA yo dwe devancé li rival, Bonaparte) sou non Jak Ier (1804). 8 oktòb 1804, li se yon kouwòn sou tèt nan archevêque Jan Batis-Jozèf Brelle.

Li fè masak yo Kreyòl "ki espwa yo tounen nan lòd ansyen an Ayiti" [Ref. nesesè] ak kontinye yon politik "caporalisme agrè» (tankou nonmen Michel-Rolph Trouillot) chwazi pou kenbe pwofi nan endistri sucrière la fòs, san esklavaj pwòp di. Li gouvènman ki deside aksyon ou yon refòm agrè nan avantaj nan chèf fanmi esklav san tè, li ansasinen 17 oktòb 1806 nan Pon Wouj, nan nò Pòtoprens Pòtoprens, l kolaboratè, Aleksann Petyon, Jean-Pierre Boyer yo, André Rigaud ak Bruno Blanchet ki t'ap sèvi nan bouch nan mitan tout san bliye Henri Christophe ki te nan nord1.

En otros idiomas
беларуская: Жан-Жак Дэсалін
Bahasa Indonesia: Jean-Jacques Dessalines
Lëtzebuergesch: Jacques I. (Haiti)
srpskohrvatski / српскохрватски: Jean-Jacques Dessalines
српски / srpski: Жан-Жак Десалин
українська: Жан-Жак Дессалін
Tiếng Việt: Jean-Jacques Dessalines